Español English French Kwéyol

Ayiti-Jistis/Koripsyon : Inite lit kont koripsyon deklare li louvri yon ankèt, sou eskandal kay Rony Célestin ak madanm li achte nan peyi Kanada

Pòtoprens, 18 fevriye 2021 [AlterPresse] --- Inite lit kont koripsyon (Ulcc) anonse li louvri yon ankèt, sou eskandal kay ansyen senatè peyi d Ayiti, Rony Celestin, ak madanm li, Marie Louise Aubain, Konsil Ayiti nan Montréal, achte nan peyi Kanada, dapre yon nòt ki rive jwenn AlterPresse.

Madanm ak mouche sa yo achte, nan kondisyon ki pa klè, yon “vila” (yon kokennchenn kay), ki koute plis pase 4 milyon dola, nan Laval, peyi Kanada.

Depi lè laprès nan peyi Kanada gaye nouvèl sa a, gen kesyon k ap poze, gen dout sou do Rony Celestin, ak madanm li, Marie Louise Aubain, kòm moun ki ta mele nan bgay kwochi, nan zafè koripsyon.

Ulcc mande tout moun ki gen enfòmasyon, ki ka fè ankèt sou dosye sa a vanse, pou yo rele l oubyen vini nan biwo l.

Konsil Ayiti nan Montreal la, madanm senatè Rony Celestin, envesti plis pase 6 milyon dola nan peyi Canada. Li prete yon moun plis pase 1 milyon 400 mil dola ameriken, anvan l achte yon ‘’vila’’ pou plis pase 4 milyon 25 mil dola ameriken, nan mwa desanm 2020, ki sot pase a.

Benefisyè a, se te Jean Francois Chataigne, ki se patnè mari li.

Prè sa a te sèvi l, pou l te achte yon gwo teren, zòn agrikòl ak komès nan Sainte Annne des plaines, nan Laurentides. 5 batiman endistriyèl okipe pati sid nan pwopriyete a, dapre li.

Jean Francois Chataigne pa t vle bay plis detay sou nivo responsabilite Celestin ak madanm li, nan divès aktivite ki ta pral fèt sou teren an.

Anplis envestiman sa yo, Konsil Ayiti nan Montreal la ak senatè a te achte, nan lane 2008, yon premye kay nan Laval pou 800 mil dola, toujou san ipotèk.

Senatè, ki pròch pouvwa Jovenel Moïse la, di li posede yon gwo pworiyete nan kapital Pòtoprens la. [jep emb rc apr 18/02/2021 13:25]