Pòtoprens, 18 fevriye 2021 [AlterPresse] --- Plis pase yon santèn touris pral blije kite peyi d Ayiti, akoz boulvès politik yo, dapre yon papye chenn televizyon ameriken Cnn, AlterPresse te li.
Pou rezon sekirite, akoz tout boulvès politik, ki genyen nan dènye jou sa yo, nan peyi d Ayiti, plis pase 100 touris pral blije kite peyi a, dapre sa chenn televizyon ameriken Cnn anonse.
Cnn montre yon imaj ponpye, k ap eseye etenn dife nan yon machin k ap kankannen.
Sa k ap pase, dènye jou sa yo, tankou vyolans politik, nan peyi d Ayiti, te lakoz gen plizyè vòl avyon, ki te deranje.
Yon lòt bò, gouvènman peyi Bahamas, yon gwoup zile kote gen anpil Ayisyèn ak Ayisyen, k ap viv ladan, deside sispann, pou 21 jou (jis rive lendi 8 mas 2021), tout vwayaj avyon, oubyen nenpòt lòt mwayen, k ap soti nan peyi d Ayiti.
Gouvènman Bahamas lan pran desizyon sa a, apre li te fin wè latriye moun, ki te nan kanaval Pòdpè Jovenel Moyiz lan, dapre plizyè medya, tankou jounal dominiken Listin Diario, Swiss info ak chenn televizyon ameriken Cnn.
Akoz mikwòb Kowona an, tout peyi nan rejyon an pa t òganize kannaval, dapre ministè afè etranje Bahamas. [jep emb rc apr 18/02/2021 10:15]