Español English French Kwéyol

Ayiti-Jistis : Jij nan Lakou Kasasyon Yvickel Dabrézil lage jedi apremidi 11 fevriye 2021, 5 jou apre ajan Usgpn te arete l, detan l t ap dòmi

Pòtoprens, 12 fevriye 2021 [AlterPresse] --- 5 jou apre ajan Inite sekririte jeneral Palè nasyonal (Usgpn) dappiyanp li, detan l t ap dòmi, bò 2 zè edmi dimaten, dimanch 7 fevriye 2021, jij nan Lakou Kasasyon an Yvickel Dabrézil lage epi retounen lakay li, jedi apremidi 11 fevriye 2021 an, dapre enfòmasyon ki vin jwenn ajans AlterPresse.

Apre pouvwa defakto an te akize Yvickel Dabrezil ak 22 lòt moun, kòmkwa yo ta nan mitonnen yon koudeta kont Jovenel Moise, minis jistis defakto an te fè plizyè manèv, pou kenbe jij Lakou Kasasyon an nan prizon.

Kabinè enstriksyon Kwadèboukè an di li pa gen konpetans, pou louvri yon ankèt sou zak yo reproche Yvickel Dabrésil, ki se yon jij nan lakou kasasyon.

Kabinè enstriksyon Kwadèboukè an di li lage Dabrézil, ki ta dwe tann dizon tribinal siperyè nan lajistis la, sou dosye sa a.

Minis lajistis defakto a, Rockeller Vincent, te kenbe nan prizon jij nan Lakou Kasasyon an Yvickel Dabrézil, malgre dwayèn tribinal sivil Kwadèboukè an te mande lage l, apre odyans mèkredi 10 fevriye 2021 an, sou dosye sa a.

Nan yon lèt, ki pote dat 9 fevriye 2021 an, minis jistis defakto a, Rockfeller Vincent, di li mete yon bout, pou yon ti tan, nan aktivite grefye Christophe Lesperance, ki te fèk travay, mèkredi 10 fevriye 2021 an, sou dosye jij Lakou Kasasyon an Yvickel Dabrezil ak 17 lòt prizonye politik yo.

Ni dwayèn tribinal sivil Kwadèboukè an, ni komisè gouvènman an pa t janm resevwa ankenn plent kont Christophe Lesperance, dapre Asosyasyon nasyonal grefye ayisyen yo.

Kèlkeswa minis jistis lan pa ka leve, yon bon maten, pou li mete yon bout nan aktivite yon grefye oubyen arete l, dapre sa prezidan Asosyasyon nasyonal grefye ayisyen yo, mèt Martin Ainé, deklare bay AlterPresse. [emb rc apr 12/02/2021 11:45]