Pòtoprens, 25 janvye 2021 [AlterPresse] --- Komite suivi sou deklarasyon 21 dawout 2020 an espere jwenn yon akò final, ant mekredi 27 pou rive jedi 28 janvye 2021 an, sou divès pwopozisyon li te resevwa nan men plizyè pati politik sou transizyon an.
Nan yon entèvyou li bay AlterRadyo/AlterPresse, Léo BienAimé, youn nan manm Komite sa a, espere y ap kapab, nan mitan semèn nan, di peyi an nan ki nivo yo ye ak dosye sa a.
Nouvo prezidan, apati 7 fevriye 2021 an, ta dwe soti nan lakou Kasasyon.
Tranzisyon an ta dwe dire 2 zan. Se kèk nan pwen, ki pa bay pwoblèm ankò, nan kad preparasyon chapant politik, apati 7 fevriye 2021 an.
Se sa Komite suivi sou deklarasyon 21 dawout 2020 an fè konnen, detan li espere yon akò final, ant tout sektè ki nan diskisyon yo, disi jedi 28 janvye 2021 k ap vini an.
Ansanm pati yo dakò pou gen yon estrikti, ki rele komisyon nasyonal tranzisyon, ki egzije yo kenbe tradisyon, ki genyen nan peyi a.
Kraze tout enstitisyon Leta yo, fè yo tounen zouti anba zèl gouvènman an, kreye kondisyon pou eleksyon pa fèt nan peyi a : se kèk eleman, nan plan ekip tèt kale an, pou retabli diktati nan peyi a. Se analiz Komisyon legliz katolik women Jistis ak Lapè (Jilap).
Apati demach sa a, ekip, ki sou pouvwa a, vle tabli yon diktati nan peyi a, dapre direktris egzekitif komisyon legliz katolik women an, Jocelyne Colas Noël.
Apati 7 fevriye 2021 an, peyi d Ayiti dwe koupe fache ak dirijan k ap lage peyi an nan plis tyouboum, dapre Solidarite fanm ayisyèn (Sofa).
Kowodonatris Sofa a, sosyolog feminis Sabine Lamour, fè konnen otorite yo pa ka pote yon solisyon nan kriz, peyi a ap travèse depi kèk tan.
Enstitisyon yo ap mal fonksyone, sa ki vini mete lavi moun yo andanje, sitou fanm.
Ki enstitisyon ki dwe deside sou 7 fevriye 2021 an? Èske nou pral anfas yon briganday politik apre dat sa a ? Se kesyon òganis Gadyen dwa moun ap poze sou 7 fevriye 2021 an, lè manda Jovenel Moïse lan ap bout, dapre Konstitisyon an, li te sèmante l ap respekte an.
Direkte egzekitif Gadyen dwa moun nan, mèt Rovelson Appolon, kwè se akoz otorite yo pa t janm mete kanpe enstitisyon yo, ki fè Ayiti rive nan kafou sa a.
Sizoka Jovenel Moïse pa deside ale, dimanch 7 fevriye 2021 an, l ap tounen yon prezidan defakto. Se dizon, sou bò pa l, pati politik yo rele Mouvman twazyèm vwa an (Mtv), ki anfavè yon solisyon tèt ansanm pou jere echeyans 7 fevriye 2021 an, nan peyi d Ayiti. [jep rf emb rc apr 25/01/2021 15:25]