Pòtoprens, 19 janvye 2021 [AlterPresse] --- Gen 34 jèn foutbolèz, ki sibi abi sou kò yo, nan sant Fifa Goal Kwadèboukè an, dapre yon dokiman 45 paj Federasyon entènasyonal asosyasyon foutbòl yo (Fifa) rann piblik mèkredi 13 janvye 2021 an.
Pami 34 jèn foubolèz sa yo, gen 14 ki sibi tizonnay dirèk sou kò yo, anba men ansyen prezidan Federasyon ayisyen foubòl lan, Yves Jean-Bartl, dapre sa AlterPresse li nan dokiman Fifa an.
Nan dat 20 novanm 2020, Fifa te deside pran sanksyon kont Yves (Dadou) Jean Bart, ki p ap kapab, pou tout tan, patisipe nan ankenn aktivite foutbòl, sou baz akizasyon tizonnay sou plizyè jèn foutbolèz ayisyèn. [apr 19/01/2021 10:00]