Pòtoprens, 21 desanm 2020 [AlterPresse] --- Ant koumansman mwa janvye rive 30 novanm 2020 an, Komisyon legliz katolik women Jistis ak Lapè (Jilap) konte 570 moun, ki mouri anba zak vyolans, nan zòn metwopoliten Pòtoprens lan, nan yon ranmase li bay AlterRadio/AlterPresse.
Ant jiyè rive septanm nan sèlman, gen 185 moun ki mouri akòz vyolans, daprè kòdonatris jeneral Jilap lan, Jocelyne Colas.
Avèk yon total 88 moun mouri, Site solèy se komin, kote ki gen plis moun mouri anba vyolans nan zòn metwopoliten Pòtoprens lan, soti jiyè rive septanm 2020 an. An apre, nou jwenn 50 ka moun ki mouri anba vyolans, nan komin Pòtoprens, dapre ranmse Jilap lan.
Sou bò pa l, òganis Gadyen dwa moun konte 1300 moun, ki mouri anba bal, ak plis pase 500 moun yo dappiyanp nan peyi d Ayiti, soti janvye pou rive mwa desanm 2020 an.
Gen nan moun, bandi ak zam dappiyanp yo, fanmi yo pa janm jwenn yo.
Kowòdonatè nasyonal òganis Gadyen dwa moun yo, mèt Rovelson Appolon, lonje dwèt sou otorite yo, ki pa fè anyen kont bandi yo, pou ede peyi a mache kòmsadwa. [jep emb rc apr 21/12/2020 13:20]