Español English French Kwéyol

Ayiti-Politik : Sektè demokratik ak popilè a mande ekip tèt kale an annile dekrè sou Ajans nasyonal entelijans lan

Pòtoprens, 21 desanm 2020 [AlterPresse] --- Sektè demokratik ak popilè a an voye jete demann ekip tèt kale, bay Ofis pwoteksyon sitwayèn ak sitwayen, pou l ta bay dizon l sou dekrè, dèyè do Konstitisyon an ak lalwa, ki ta vle mete kanpe yon polis anbachal, ki rele Ajans nasyonal entelijans (Ani).

Youn nan pòt pawòl sektè demokratik ak popilè an, mèt Michel André, mande ekip tèt kale an annile dekrè sa a, ki montre aklè entansyon pouvwa a pou tabli yon diktati nan peyi a.

Mete sou sa, Konstitisyon an pa bay Ofis pwoteksyon sitwayèn ak sitwayen (Opc) ankenn manda, pou ta pase men nan ankenn tèks gouvènman an ekr, ki se pito wòl palman an.

Nouvo gouvènman tranzisyon, ki pral enstale nan peyi a apre 7 fevriye 2021 an, pral rantre tout 38 dekrè prezidan Jovenel Moïse pran, depi mwa janvye 2020 an, dapre sektè demokratik ak popilè an.

Gen anpil danje, nan dekrè Jovenel Moïse pran sou sa li rele Ajans nasyonal entelijans lan.

Dekrè a ta vle mete prezidan an kòm alatèt tout ajan sèvis yo, ki pral mache sou lobedyans li, ki p ap kapab resevwa pinisyon, pou zak yo ta komèt, si prezidan an pa bay otorizasyon pou sa. Se analiz mèt Samuel Madistin, prezidan òganis dwa moun Fondasyon je klere (Fjkl), ki t ap pale nan emisyon « ti chèz ba ». [jep emb rc apr 21/12/2020 10:00]