Español English French Kwéyol

10 desanm, Jounen entènasyonal dwa moun

Ayiti-Dwa moun : Kay Fanm lonje dwèt sou Leta a, k ap voye asasinen moun sou teritwa nasyonal lan

Pòtoprens, 10 desanm 2020 [AlterPresse] --- Detan li leve lavwa sou feminisid, ki vle di pil ak pakèt krim y ap plede fè sou fanm ak tifi nan peyi d Ayiti, òganizasyon feminis Kay Fanm lonje dwèt sou Leta a, k ap voye asasinen moun sou teritwa nsyonal lan, nan yon nòt li voye bay ajans sou entènèt AlterPresse.

Kay fanm pran pozisyon sa a, okazyon 10 desanm nan, ki se jounen entènasyonal dwa moun. Jeedi 10 desanm 2020 an fè 72 lane, depi plizyè peyi, pami yo Ayiti, te siyen deklarasyon inivèsèl dwa tout moun sou latè.

Kay Fanm redi ankò li pa dakò ak zak maspinay sou moun. Li pa dakò ak krim, li pa dakò ak enpinite, li pa dakò ak okenn dekrè, k ap pilonnen libète moun genyen.

Kay Fanm fè konnen tou, l ap rete makònen ak angajman, li toujou pran, pou defann dwa moun, espesyalman dwa fanm.

Kay fanm leve vwa l tou kont atak gang ak zam yo, sou divès kominote nan peyi a, tankou nan katye popilè yo.

Kay Fanm denonse tou zak kidnaping yo, kote gang ak zam yo fè kadejak sou fanm yo dappiyanp yo, detan yo fè yo pase anpil mati.

Nan okazyon an 10 desanm nan, jounen entènasyonal dwa moun, Kay Fanm voye jete byen lwen tout zak fè wout kwochi ak lajan leta, bay lajan anba tab ak tout lòt zak, kote moun nan leta, kote fonksyonè ap sèvi ak lajan Leta pou sèvi enterè pèsonèl yo, pou sèvi pwòp kòz yo.

Tout zak koripsyon sa yo, se kraze y ap kraze peyi dAyiti, dapre Kay Fanm. [rc apr 10/12/2020 15:30]