Pòtoprens, 7 desanm 2020 [AlterPresse] --- Dekrè sou ajans entèlijans lan depaman ak Kontitisyon 1987 la, dapre Rezo nasyonal k ap defann dwa moun yo (Rnddh), nan yon entèvyou li bay AlterRadio/AlterPresse.
Dekrè Jovenel Moïse pran, sou sa l rele Ajans nasyonal entelijans lan ak sou kesyon pou sekirite a gen repondong nan peyi a, gen yon sèl objektif, ki se mete baboukèt nan bouch popilasyon an.
Jovenel Moïse deside mete tou 2 dekrè sa yo sou tèt Konstitisyon peyi an.
Anplis, ajan Ajans nasyonal entelijans lan pral gen posiblite mache, san anyen ki pou idantifye yo, antre lakay moun, fè sa yo pi pito.
Avèk dekrè sa a, pa gen ankenn dout ankò sou diktati, gouvènman tèt kale an vle mete kanpe nan peyi a.
Rezo nasyonal k ap defann dwa moun yo mande popilasyon an leve kanpe, kont pil dekrè Jovenel Moïse yo.
Sou bò pa l, detan li rekonèt li nòmal pou peyi an gen enstitisyon ransèyman, Rezo nasyonal majistra ayisyen yo (Renamah) fè konnen se entistisyon, ki la pou fè lwa nan peyi an, ki gen responsablite fè lwa. Se pa gouvènman an.
Malgre Konstitisyon an pa baa l dwa pou sa, gouvènman an pwofite de sitiyasyon palman an, ki p ap travay la, depi mwa janvye 2020 an, pou ponn yon seri dekrè sou yon seri sijè.
Dekrè sa yo pa korèk, paske espas ki la pou fè lwa yo, se palman an, daprè Rezzo nasyonal majistra syisyen yo, ki di li kont tout zak ekip, ki sou pouvwa a, ap fè, ki pa nan avantaj demokrasi nan peyi d Ayiti. [rf emb rc apr 07/12/2020 14:20]