Haiti
Atik

Dwa moun : Lekòl nasyonal Ajantin Bèlgad, nan Pòtoprens, youn nan gwo senbòl ansasinay demokrasi nan peyi d Ayiti

29 novanm 1987, youn nan move souni, nan batay pou fè demokrasi an pran jarèt sou teritwa nasyonal lan
Ekri jou lendi 30 novanm 2020

Se te yon dimanch 29 novanm, lane 1987, sa gen 33 zan, lane 2020 an, lè Konsèy nasyonal gouvènman (Kng an), ki te sou pouvwa a, alepòk, te voye al sasinen moun, ki te vle vote, pou premye fwa, depi reny dikati Divalye yo. Riyèl Vayan, lekòl nasyonal Ajantin Bèlgad, nan Pòtoprens, se youn nan gwo senbòl masak Kng an te voye fè sou fanm ak gason, ki te deside al vote, pou eseye chanje sa.

Pòtoprens, 30 novanm 2020 [AlterPresse] --- Dimanch 29 novanm 1987, anpil anpil moun te deside, pou premye fwa, depi septanm 1957, sèvi ak yon kat elektoral, pou eseye chwazi moun, yo te panse ki kapab fè peyi d Ayiti pran yon lòt direksyon. Malerezman, ekip Konsèy nasyonal gouvènman, ki te sou pouvwa a, pa t wè l konsa.

Plis pase yon semenn, anvan dat dimanch 29 novanm 1987 lan, te gen anpil zak agresyon ak zam, militè ak atache t ap simen, divès kote, sou teritwa nasyonal lan. Malgre zak kaponnaay sa yo, gen moun ki te deside al vote, Genyen, ki te gen tan vote.

Nan riyèl nazon, Pòtoprens, te gen gwoup sivil ak zam, ki t ap plede tire, sou moun ki te nan ran, pou al vote. Dèyè gwoup sivil ak zam sa yo, pye pou pye, te gen tank lame. Sa ki te fè anpil moun konsidere, se te ekip Konsèy nasyonal gouvènman, ki te sou pouvwa a, ki te dèyè sa l t ap pase nan lari an, ki t ap telegide zak briganday, nan lari an.

Anplis briganday, toupatou nan peyi d Ayiti, lekòl nasyonal Ajantin Bèlgad (Argentine Bellegarde), nan riyèl Vayan, Pòtoprens, se te youn nan gwo sènbòl masak, ekip, ki te sou pouvwa a, te voye fè sou fanm ak gason, ki te deside al vote yo. Plis pase 50 militè, ki te an sivil, ak makout asasinen omwen 16 moun, nan biwo vòt, ki te an lekòl nasyonal Ajantin Bèlgad lan.

Pami moun yo te asasinen yo, te gen yon kameramann yon televizyon peyi Repiblik Dominiken yo te rele Carlos Grullon. Ekip lwijanbouje yo te pati dèyè tout moun, ki td gen entansyon al vote. Laplipa moun yo mouri anba kout manchèt ak kout kouto.

Se te yon maten beny san, toupatou sou teritwa nasyononal lan, tankou nan Pòtoprens ak Latibonit. Dapre temwayay yo, gen anviwon 200 moun, militè an sivil ak makout te masakre, dimanch 29 novanm 1987 lan. Te gen anpil anpil moun, ki te blese ak sibi gwo domaj.

Nan tèt mòn nan Kafou fèy, milite yo te menm al voye gaz lakimojèn. Sa ki te mete kè anpil moun nan zòn nan sou biskèt, yo te gen kè sote plizyè jou apre masak 29 novanm 1987 lan. Byen bonè, anvan midi, dimanch 29 novanm 1987 lan, Konsèy elektoral pwovizwa a te deside annile operasyon vòt lan akoz masak sa yo, divès kote, sou teritwa nasyonal lan. [rc apr 30/11/2020 12:00]