Pòtoprens, 12 novanm 2020 [AlterPresse] --- Jedi 12 novanm 2020 an, toujou gen yon gwo boulvès nan tan an, ki sou lanmè Karayib yo, nan Sid Repiblik Dominiken, dapre sa AlterPresse li nan dènye bilten espesyalis nan kondisyon tan an, nan peyi d Ayiti, met deyò.
Sitiyasyon sa a ap pèmèt bon jan aktivite lapli, ki mache ak loray, nan apremidi ak aswè.
Sidès, Sid, Grandans, Nip ak Lwès, kote nou jwenn Pòtoprens, se depatman sa yo, k ap resevwa pi plis lapli ak loray sa yo.
Menm jan ak mèkredi 11 novanm 2020 an, pwoteksyon sivil mande ankò kominote, ki rete nan zòn frajil yo, pou yo pran prekosyon, rete veyatif, douvan danje inondasyon, dlo ki ka desann bridsoukou ak deboulay tè, divès kote, nan moman lapli sa yo.
Lapli, k ap tonbe anpil, nan jou sa yo, ap lakoz tè a ap chaje ak dlo, ki depase nivo li ta sipoze resevwa.
Depi nan maten, gen anpil nyaj nan depatman Nòdès, Nò, Plato santral ak Sidès.
Nan apremidi ak aswè, nyaj yo ap plis parèt sou peyi a.
Tan an mare. Depi nan koumansman apremidi, gen gwo kout van, divès kote.
Soti nan 33 degre Sèlsiyis, tanperati an va desann, ant 23 pou al 19 degre Sèlsiyis.
Gen tou posiblite lapli, ki mache ak loray, sou lanmè an, k ap move anpil.
Se pou sa, kaptenn bato, chaloup, bwa fouye yo, dwe toujou evite rantre nan fon lanmè a.
Vag yo ap rive nan nivo 9 pye wotè bò kòt Nò yo, 7 pye wotè bò kòt Sid yo ak 5 pye wotè bò kòt zile Lagonav yo. [rc apr 12/11/2020 15:00]