Español English French Kwéyol

Ayiti-Transpò/Jistis : Gouvènman an entèdi machin ak motosiklèt sikile san plak, sou teritwa nasyonal lan

Pòtoprens, 11 novanm 2020 [AlterPresse] --- Atravè Ministè enteryè ak kolektivite teritoryal yo, gouvènman tèt kale an di li entèdi machin sikile san plak, sou teritwa peyi d Ayiti an, dapre yon kominike ki vin jwenn ajans sou entènèt AlterPresse.

Objektif dispozisyon sa a, se ta pou pote kole, nan batay kont ensekirite nan peyi an, tankou zak kidnaping, ki pran jarèt, sou teritwa an, nan dènye mwa sa yo.

Lapolis nasyonal ta resevwa bon jan lòd, pou arete tout machin ak motosiklèt, ki san plak, kèlkilanswa pwopriyetè yo.

Malgre kominike sa a, gen anpil machin ak motosiklèt, ki toujou ap mache san plak, dapre sa tout moun wè chak jou. [mj rc apr 11/11/2020 12:14]