Pòtoprens, 10 novanm 2020 [AlterPresse] --- Kolektif avoka k ap defann dwa moun yo (Kado) mande otorite yo pran bon jan dispozisyon, pou kwape ensekirite a tout bon vre, nan peyi a, nan yon entèvyou li bay AlterRadio/AlterPresse.
Fason, otorite yo ap konsidere kesyon ensekirite a, nan peyi an, montre aklè yo poko an mezi pou desoutire fenomèn sa a tout bon vre, dapre Kado.
Pa dwe gen politik miwo miba, nan lajistis lan.
Menmjan otorite yo prezante, bay laprès, moun yo sispèk ki asasinen Evelyne Sincère yo, dimanch premye novanm 2020 an, nan Dèlma, yo dwe fè sa tou, pou sila ki te sasinen mèt Monferrier Dorval, vandredi swa 28 dawout 2020, nan Pèlren 5, pa twò lwen kote prezidan Jovenel Moise rete an, ak sispèk nan kò sasinay sou etidyan lekòl nòmal lan, Grégory Saint-Hilaire, vandredi 2 oktòb 2020 an.
Kolektif avoka k ap defann dwa moun yo kritike jan pouvwa a ap mennen bak peyi a, ki lage jèn fi ak jèn gason ayisyen yo, nan yon sitiyasyon malouk, kote ensekirite, pwoblèm travay, lavi chè ap malmennen yoi. [rf emb rc apr 10/11/2020 14:00]