Español English French Kwéyol

Ayiti-Krim san parèy : Bandi ak zam touye Pastè Jean-François Louis ak tout madanm li, nan komin Monwi, depatman Latibonit

Monwi (Ayiti) 11 novanm 2020 [AlterPresse] --- Lannuit dimanch 8 novanm 2020 an, bandi ak zam touye Pastè Jean-François Louis ak tout madanm li, Luciane Exinor, ki te ansent, lakay yo, nan kominn Monwi, depatman Latibonit, dapre enfòmasyon ki vin jwenn ajans AlterPresse.

Pastè Jean -François Louis mouri apre l ta resevwa 4 bal, epi madanm ni, ki te ansent, ta resevwa 2 bal.

Malgre swen yo te ba li, madan Pastè a pa t rive sove. Men, lopital ta reyisi retire vivan youn, nan 2 pitit, ki te nan vant madanm nan, dapre tout dènye enfòmasyon yo.

Madi 10 novanm 2020 an, moun nan zòn Monwi, ki te revòlte anpil, apre krim san parèy sa yo, te bloke wout nasyonal nimewo 1 an, pou pwoteste kont zak bandi yo.

Majistra Monwi an, ki t ap pale nan yon medya nan kapital lan, fè sonje limenm tou, li te pran 4 bal, pandan ane 2020 an, anba men nèg ak zam.

Zak bandi yo ap plede ogmante nan komin Monwi, paske pa gen ase polisye nan komin nan, dapre majistra a. [mj rc apr 11/11/2020 12:12]