Español English French Kwéyol

Ayiti : Antèman etidyan Grégory Saint-Hilaire, ki te mouri sasinen 2 oktòb 2020 an, fèt samdi 7 novanm 2020 an, nan Wanament

Wanament, 9 novanm 2020 [AlterPresse] --- Anplis yon seremoni senbolik, nan Pòtoprens, antèman etidyan Grégory Saint-Hilaire fèt samdi 7 novanm 2020 an, nan Wannament, depatman Nòdès peyi an, dapre enfòmasyon ajans AlterPresse ranmase.

Grégory Saint-Hilaire te jwenn lanmò l, aprè l te resevwa, nan do, bal ajan Inite sekirite jeneral Palè nasyonal (Usgpn), vandredi 2 oktòb 2020 an, andedan Lekòl nòmal siperyè, Inivèsite Leta d Ayiti an, nan Pòtoprens.

Nan lide pou te wete chapo douvan Grégory Saint-Hilaire, etidyan Lekòl nòmal yo ak sila ki sòti nan plizyè lòt inivèsite te fè yon jounen espozisyon foto, nan rue Monseigneur Guilloux, Pòtoprens.

Se te okazyon pou yo te espoze foto plizyè moun, ki viktim, pandan dènye tan sa yo, nan peyi a, pami yo mèt Monferrier Dorval, bandi te sasinen vandredi 28 dawout 2020 an, ak Evelyne Sincère, yo jwenn mouri sasinen dimanch premye novanm 2020 an.

Etidyan yo, ki te genyen yon sèkèy blanch, nan men yo, t ap eseye al boule sèkèy lan, douvan Palè nasyonal lan. Men, plizyè ajan Cimo, ki te sou plas, te anpeche yo fè zak sila a.

Grégoy Saint-Hilaire mouri nan lannuit 2 oktòb 2020 an, aprè l fin resevwa yon bal Ajan Usgpn nan do, pandan l tap manifeste, pou mande Ministè edikasyon nasyonal respekte kontra li te siyen ak lekòl nòmal, pou garanti etidyan Lekòl nòmal siperyè, ki fini yo, jwenn estaj ak lèt nominasyon yo, nan lise yo. [jep emb rc apr 09/11/2020 10:30]