Español English French Kwéyol

Ayiti-Politik : Dekrè 6 novanm 2020, Jovenel Moïse lan, bay baryè lib pou ekip tèt kale, ki sou pouvwa a, gaspiye lajan Leta a san gade dèyè, dapre divès oganizasyon

Pòtoprens, 09 nov. 2020 [AlterPresse] --- Dekrè 6 novanm 2020, prezidan Jovenel Moïse pran an, bay baryè lib pou ekip tèt kale, ki sou pouvwa a, gaspiye lajan leta, dapre divès oganizasyon dwa moun ak politik.

Jovenel Moise ap fè dappiyanp sou tout resous leta yo, pou ka depanse yo, san pa gen okenn enstitisyon k ap kontrole depans yo, dapre Rezo nasyonal k ap defann dwa moun yo (Rnddh), nan yon entèvyou li bay AlterRadio/AlterPresse.

Dekrè 6 novanm 2020 an, ki vle retire responsablite kontwòl lakou dèkont, nan kontwòl depans, ki angaje Leta, se yon lòt prèv ekip tèt kale an pou mete peyi an anba rejim bout di, diktati.

Rejim politik tèt kale a ap chèche elimine responsablite lalwa bay lakou dèkont, nan kontwòl depans ki angaje Leta. Se sèlman yon responsablite konsiltasyon, pou bay dizon l, ant 3 pou rive 5 jou, lakou dèkont ta gen pou l bay, sou pwojè ki angaje Leta.

Se entansyon dekrè 6 novanm 2020, Jovenel Moïse lan, ki pran dèyè do Konstitisyon an ak lalwa, menm jan Jovenel Moïse ap eseye fè sa, depi koumansman lane 2020 an, ak yon flonn dekrè, ki depaman ak Konstitisyon an ak lalwa.

Apati dekrè sa a, lakou dèkont p ap kab bloke ankenn kontra komisyon nasyonal mache pblik yo ta asepte.

Desizyon sa a vini, mwens pase 2 mwa apre prezidan lakou dèkont lan, Rogavil Boiguené, te rele bare dèyè minis Travo piblik, transpò ak kominikasyon an, Nader Joaseus, li di ki te debake an chango, nan lokal lakou an, ak nèg ak zam, epi antre nan plizyè espas sansib, anndan lokal lakou dèkont lan.

Se yon pouvwa san limit, ak desizyon gwo ponyèt, ekip tèt kale an ap pran depi mwa janvye 2020 yo. Tou sa rantre nan lojik diktati, Jovenel Moise vle tabli nan peyi a. Se dizon òganis dwa moun Jurimedia.

Yon pouvwa ki te chwazi mete sou kote palman an, san okenn antant, epi monte yon gouvènman ak yon konsèy elektoral pwovizwa, malgre tout avètisman, sosyete an te bay, se yon pouvwa gwo ponyèt, dapre sa Jurimedia fè sonje.

Jovenel Moïse pa gen okenn dwa, pran yon dekrè, pou fè lakou dèkont tounen yon estrikti konsiltasyon. Ak dekrè 6 novanm 2020 an, ekip tèt kale an bay tèt li baryè lib, pou vini ak nenpòt ki pwojè, pou gaspiye lajan Leta a. Se analiz pati politik Inifòs. [jep emb rc apr 09/11/2020 11:00]