Español English French Kwéyol

Ayiti-Ensekirite : 3 jounen espesyal, nan memwa Evelyne Sincère, nan Dèlma 24, kote yo te jwenn kadav li a

Pòtoprens, 6 novanm 2020 [AlterPresse] --- Vandredi 6, samdi 7 ak dimanch 8 novanm 2020 an, se 3 jounen espesyal, nan memwa Evelyne Sincère, nan Dèlma 24, kote yo te jwenn kadav li an. Se yon estrikti, ki rele Kako d Ayiti, k ap òganize aktivite souvni sa a, dapre enfòmasyon ki vin jwenn ajans AlterPresse.

Pou premye jounen sa a, vandredi 6 novanm 2020 an, plizyè atis ayisyen te depoze bouke flè, egzakteman nan espas kote yo te jwenn kò asasinen Evelyne Sincère lan.

Nan tèt kole ak moun Dèlma 24 ak Solino yo, estrikti Kako d Ayiti te netwaye espas, kote kadav Evelyne Sincère lan te ye an.

Yo desinen pòtrè l nan plizyè mi epi yo bay espas lan pote non Fò rezistans.

Pandan 3 jounen sa yo, soti vandredi 6 novanm pou rive dimanch 8 novanm 2020 an, moun ka vini depoze bouke flè, nan Fò rezistans lan.

Apati lendi 9 novanm 2020 an, ap gen yon mach, k ap sòti nan antre Dèlma 24, pou al bout douvan lokal Ministè jistis ak sekirite piblik lan, nan Pòtoprens, pou mande otorite yo pran responsablite yo fas ak krim san parèy sa yo, k ap kraze peyi an. [rf emb rc apr 06/11/2020 16:20]