Español English French Kwéyol

Ayiti-Ensekirite : Ta gen 1 moun blese, madi 3 novanm 2020 an, nan moman yon rasanbleman pwotestasyon, douvan Ministè lajistis, pou mande jistis pou Evelyne Sincère

Pòtoprens, 04 novanm 2020 [AlterPresse] --- Pou piti yon moun ta sòti blese, yon lòt ta jwenn arestasyon l, madi 3 novanm 2020 an, nan yon mouvman plante pikèt douvan ministè lajistis ak sekirite piblik, nan Pòtoprens, dapre enfòmasyon ajans AlteerPresse ranmase.

Objektif rasanbleman sa a, se egzije jistis pou Evelyne Sincère, yon elèv bandi te dappiyanp jedi 29 oktòb 2020 an anvan yo te ansasinen l, dimanch premye novanm 2020 an, epitou liberasyon prizonye politik yo.

Manifestan yo lonje dwèt sou silans otorite yo, douvan zak bandi yo, espesyalman ka kidnaping yo, k ap ogmante nan peyi a.

Yo leve lavwa kont otorite yo, ki gen gwo responsablite nan sitiyasyon malouk sa a, peyi an twouvel l jodi a.

Pi lwen, sitwayèn ak sitwayen sa yo lonje dwèt sou prezidan Jovenel Moïse, yo di ki pa gen kapasite pou li mennen bak peyi an.

Nan sans sa a, yo te pwofite mande l pou l kite pouvwa a, pou pi ta 7 fevriye 2021 an.

Nan plizyè lòt kote, tankou sou delma a ak nan sant vil Pòtoprens lan, te genyen kawotchou ki tap boule, bò fakilte etnoloji, inivèsite Leta d Ayiti an, alòske, nan nivo Dèlma 30, anpil chofè te kwaze machin yo nan mitan lari an. [rf emb rc apr 04/11/2020 08:55]