Español English French Kwéyol

Ayiti-Krim : Divès òganizasyon, espesyalman dwa moun ak politik, revòlte kont kò ansasinay sou Évelyne Sincère, 3 jou apre bandi te dappiyanp li

Pòtoprens, 03 novanm 2020 [AlterPresse] --- Gwo sezisman, nan mitan popilasyon an, apre yo dekouvri, sou yon pil fatra, nan dèlma 24, dimanch maten premye novanm 2020 an, kò jèn fi 21 lane, Évelyne Sincère, bandi te dappiyanp, jedi 29 oktòb 2020 an, dapre enfòmsyon ajans AlterPresse ranmase.

Sa fè sèlman kèk jou, depi Évelyne Sincère te konpoze nan ekzamen ofisyèl filo.

Fanmi Évelyne Sincère anba gwo doulè, gwo lapenn.

Ministè lajistis ak sekirite piblik lan anonse kò sasinay sou Evelyne Sincère lan p ap rete san pinisyon, nan yon kominike.

Li mande otorite lajistis ak lapolis travay, pou jwenn rezilta konkrè, sou dosye kò ansasinay sou Évelyne Sincère lan.

Ministè ljistis di l pral goumen, kont tout bandi, ki, nan dènye tan sa yo, pa sispann fè zak malonèt sou sitwayèn ak sitwayen ayisyen yo.

Sou bò pa l, Biwo òganizasyon k ap defann dwa moun yo (Boddh) mande lajistis pran bonjan dispozisyon pou rapousuiv, jije epi kondane bandi, ki fè krim san parèy sa a.

Asasen sa yo ap aji ak konplisite otorite yo, k ap kontinye mete, nan men yo, lajan, zam ak lòt materyèl, ki kapab retire lavi moun, daprè Boddh.

Apre mèt Monferrer Dorval, Grégory Saint-Hilaire, Elias Eric Diogène, Évelyne Sincère, peyi a p ap ka kontinye konte kadav konsa. Vàn san sa a dwe fèmen. Se kout rèl Direksyon politik opozisyon demokratik lan.

Douvan krim san parèy sa yo, bandi ak zam ap simaye nan peyi a, Direksyon politik opozisyon demokratik lan mande tout moun leve kanpe, pou di non, yo pa dakò, yo p ap asepte tout fòm vyolans sa yo, k ap fèt sou teritwa nasyonal lan.

Kolektif sitwayèn ak sitwayen Nou p ap Dòmi lonje dwèt sou Leta a, ki pa respekte lavi moun, nan yon entèvyou li bay AlterRadio/AlterPresse.

Detan li leve lavwa kont zak kriminèl san parèy sa yo, nan peyi a, Nou p ap Dòmi mande popilasyon an reveye li, pou pita pa pi tris.

« Nou nan yon leta bandi, pa gen lavi an Ayiti ankò. Ayiti pa produi zam ak bal. Poutan, bandi yo pa janm manke bal ».

Sitiyasyon peyi a bay anpil kè sote. Lapèrèz blayi anpil kote, alòske otorite yo chita sou blòk glas yo. Yo pa montre okenn volonte, pou chanje sitiyasyon an, k ap gangrennen chak jou pi plis, dapre Rezo nasyonal k ap defann dwa moun yo (Rnddh).

Rezo nasyonal k ap defann dwa moun yo kritike otorite yo, ki kontinye ap bay gang ak zam yo jarèt, sou teritwa peyi d Ayiti an. [jep emb rc apr 03/11/2020 09:35]