Pòtoprens, 29 oktòb 2020 [AlterPresse] --- Se sèl yon leve kanpe popilasyon an, ki ka mete bout nan klima laterè, k ap layite nan peyi d Ayiti, ak konplisite otorite, ki sou pouvwa an, k ap pwoteje bandi, sou teritwa nasyonal lan, dapre papti politik Òganizasyon pèp k ap lite (Opl).
Opl di li li gen kè kase sou jan li wè leta a ap pwoteje bandi sou teritwa a, nan yon entèvyou li bay AlterRadio/AlterPresse.
Otorite yo pa gen ankenn volonte pou kwape bandi nan peyi a vre, malgre operasyon «Kout pwen», Lapolis la, nan tèt kole ak ministè enteryè, di y ap mennen chak swa, nan sans sa a, dapre konsiderasyon Danio Siriack, pòt pawòl Opl lan.
«Lè yon bandi ap pale, nan radyo, pou di se paske leta a pa janm peye l, ki fè l ap kidnape moun nan peyi an konsa, si te gen volonte, leta a te kapab retrase bandi an, apati apèl sa a ». [rf emb rc apr 29/10/2020 13:10]