Pòtoprens, 27 oktòb 2020 [AlterPresse] --- Plizyè dizèn moun, pami yo premye minis lan, Joseph Jouthe, rektè inivèsite leta a, Friz Deshommes, sekrete deta alfabetizasyon an, Hervé Santilus, te patisipe, madi 28 oktob 2020 an, nan Pòtoprens, nan aktivite espesyal, okazyon jounen entènasyonal lang ak kilti kreyòl yo, dapre enfòmasyon ajans AlterPresse ranmase.
Te gen moun ki te danse, chante, li tèks, nan okazyon an, douvans divès pèsonalite ak gwoup atis.
Otorite yo di li nesesè pou bay lang kreyòl la tout valè li dwe genyen nan sosyete a, pou rive konstwi yon lòt peyi.
« Jounen entènasyonal lang kreyòl la, se yon kout lanbi pou reveye tout sosyete a, espesyalman leta a, pou fè sonje divès responsablite yo pa ka kontinye neglije. Paske, si yo pa fèt, peyi a ap kontinye rate opòtinite yo », daprè rektè inivèsite leta a, Fritz Deshommes.
Ayiti se yon peyi, kote lajistis ap jije moun, san moun nan pa konnen ki sa k ap di sou li, ni an byen, ni an mal, dapre rektè inivèsite Leta a Fritz Deshommes.
« Li lè li tan pou dwa lengwistik la tabli, pou lajistis peyi a sèvi ak lang kreyòl la ». Se dizon Pierre-André Pierre, prezidan konsèy administrasyon Akademi kreyòl ayisyen an (Aka).
Nan sans sa a, Akademi kreyòl ayisyen an te chwazi remèt plak onè ak merit, bay plizyè jij ki te pran desizyon nan lajistis, nan lang kreyòl la.
Nou jwenn jij enstriksyon Loubens Elysée, ki nan tribinal sivil Pòtoprens, ak jij Max Élibert (prezidan), jij André Jean Julien (manm), jij Belabe Dorval (manm) ki nan lakou dapèl nan Okay, depatman Sid.
Plak onè ak merit sa yo, se pou ankouraje lòt jij yo swiv menm ekzanp la.
Nan menm okazyon an, Akademi kreyòl ayisyen an te wete chapo l tou douvan jounalis radyo Kiskeya a, Liliane Pierre Paul, pou fason li pote kole anpil, nan bay lang kreyòl ayisyen an plis jarèt.
Detan li pwomèt l ap bay Akademi a bourad, nan sa l ap gen pou fè, premye minis Joseph Jouthe mande Akademi kreyòl la pa bliye misyon l.
« Lang kreyòl la se gadyen eritaj kiltirel nou ! », se te tèm, yo te chwazi pou Jounen entènasyonal lang ak kilti kreyòl la, 28 oktòb 2020 an. [mj emb rc apr 28/10/2020 16:30]