Pòtoprens, 28 oktòb 2020 [AlterPresse] --- 28 dawout 2020-28 oktòb 2020, deja 2 mwa depi bandi ak zam te sasinnen mèt Monferrier Dorval, nan Pelren 5, toupre kay prezidan Jovenel Moïse.
Nan okazyon sa a, avokat ak avoka Pòtoprens yo te òganize yon rasanbleman sou chandmas la, douvank lakou kasasyon, pou kontinye ekzije jistis pou mèt Monferrier Dorval, dapre enfòmasyon AlterPresse ranmase.
« Lavi tout moun konte ». « Touye Dorval se mete baboukèt nan bouch Lajistis ». « Jovenel Moise, si w pa koupab, mete komisyon entènasyonal lan sou pye ». Se divès mesaj, moun te ka li sou pankat yo, pandan rasanbleman sa a.
Nan kad demach, pou anpeche dosye sasinay mèt Dorval lan pa pase sou silans, gen divès lèt ki al jwenn kominote entènasyonal lan, dapre sa mèt Marie Suzie Legros, ki ranplase mèt Monferrier Dorval, kòm batonye lòd avokat ak avoka Pòtoprens yo, fè konnen.
Bò kote pa l, mèt Patrick Pierre Louis di y ap kontinye travay, pou dosye a rive nan bout li.
Li di yo p ap asepte ankenn fent, bò kote otorite, ki dwe pèmèt batonye a jwenn jistis li. [rf emb rc apr 28/10/2020 13:55]