Español English French Kwéyol

Ayiti : Poblèm kè pote ale ansyen senatè Latibonit lan, Anick François Joseph, madi 27 oktòb 2020 an, Toronto, nan peyi Kanada

Pòtoprens, 28 oktòb 2020 [AlterPresse] --- Lanmò, madi 27 oktòb 2020 an, nan Toronto, peyi Kanada, ak 58 lane sou tèt li, François Anick Joseph, ki te nan peyi Kanada depi apeprè yon lane, dapre enfòmasyon ki vin jwen ajans AlterPresse.

Se kè l, ki rete, ki lakoz li mouri, dapre enfòmasyon yo.

François Anick Joseph te fèt 23 desanm 1961, nan Ti Rivyè Latibonit.

Se te yon ansyen pè katolik women ak ansyen pwofesè inivèsite.

Li te vin senatè Latibonit sou banyè pati politik Òganizasyon pèp k ap lite (Opl), nan eleksyon 2011 yo. Manda l te sipoze bout dezyèm lendi mwa janvye 2017. Men, li te kite pòs senatè Latibonit lan, pou antre nan gouvènman tranzisyon Jocelerme Privert / Enex Jean Charles la, nan dat premye avril 2016, kòm minis enteryè ak kolektivite teritoryal.

Ansyen senatè nan depatman Latibonit, Anick François Joseph t ap soufri anba yon kansè nan vant (pankreyas), depi kèk lane. [emb rc apr 28/10/2020 10:25]