Pòtoprens, 27 oktòb 2020 [AlterPresse] --- Madi 27 oktob 2020 an, plizyè dizèn moun, fanmi, responsab òganizasyon politik, te reyini, nan pawas Sakrekè, nan Tijo, Pòtoprens, pou antèman Eric Elias Diogène, yo plis konnen sou non Rico, ajan sekirite senatè Youri Latortue, dapre enfòmasyon ajans AlterPresse ranmase.
Eric Elias Diogène te mouri, lendi 12 oktòb 2020 an, nan Dèlma 64, anba plizyè bal, bandi ak zam, ki te sou moto, te tire sou li.
Dieuseul Dupras, yon anplwaye senatè Youri Latrotue, te rive blese pandan atak sa a. Yo te mennen l al resevwa laswenyay nan lopital.
“ Asasinay sa yo p ap fè nou fè bak, sou responsablite nou genyen, pou pwoteje ak defann Konstitisyon an, ki di prezidan an dwe kite pouvwa a 7 fevriye 2021”, dapre sa Biron Odigé, kòdonatè òganizasyon politik Viv Ayiti, ki t ap patisispe nan antèman an, deklare.
Sou bò pa l, Rony Thimothé, pòtpawol Viv Ayiti a, kritike direktè jeneral lapolis nasyonal la, ki pa ka pran responsabilite l, pou bay popilasyon an sekirite.
Menm moun lakay li, andedan lapolis lan, ak viktim zak bandi ak zam yo, paske pa gen bon jan dispozisyon sekirite.
Eric Elias Diogène, yo te plis konnen sou non Rico, mouri kite madanm li ak 4 pitit. [mj emb rc apr 27/10/2020 13:05]