Pòtoprens, 26 oktòb 2020 [AlterPresse] --- Mèkredi 28 oktòb 2020 an, gen 9 pati al rasanbleman politik ki pral siyen yon plan tranzisyon, pou ranplase Jovenel Moise sou pouvwa a, apre 7 fevriye 2021, dapre sa senatè Youri Latortue, youn nan dirijan pati politik Ayiti an aksyon (Aaa) deklare bay AlterRadio/AlterPresse.
Youri Latortue fè konnen yo pa nan negosyasyon ak Jovenel Moïse, jan prezidan an ta vle fè kwè l la, nan yon diskou li te bay vandredi 23 oktòb 2020 an.
Nan plan tranzisyon sa a, pati ak rasanbleman politik sa yo ap tou di ki yès k ap ranplase Jovenel Moïse kòm prezidan, apre l fin kite pouvwa a, ki jan y ap chwazi premye minis lan, minis yo, elatriye.
Pati ak rasanbleman politik sa yo, se rasanbleman Sektè demokratik ak popilè, pati politik Oganizasyon pèp k ap lite (Opl), Fizyon sosyo demokrat ayisyen (Fizyon), Inite, Ayiti an aksyon (Aaa), Veye yo, Mouvman kretyen pou yon lòt Ayiti (Mochrena), Verite, Inifòs.
Plizyè pati ak rasanbleman politik deja lanse divès aksyon mobilizasyon pou fòse Jovenel Moïse kite pouvwa a, anvan 7 fevrye 2021, alòske Jovenel Moïse di se 7 fevriye 2022 manda l ap bout. [jep emb rc apr 26/10/2020 11:15]