Pòtoprens, 26 oktòb 2020 [AlterPresse] --- Lapolis nasyonal d Ayiti sezi plizyè zam ilegal, zam lalwa pa rekonèt, epi arete plizyè chofè san lisans, ki t ap sikile nan machin san papye, lannuit samdi 24 rive dimanch 25 oktòb 2020 an, nan zòn Tijo ak Petyonvil, dapre enfòmasyon ki vin jwenn ajans AlterPresse.
Operasyon sa yo fèt sou sipèvizyon Ministè enteryè ak kolektivite teritoryal.
Minis enteryè a, Audain Fils Bernadel, ki te la, nan moman kote polisye yo t ap fè operasyon sa a, deklare y ap kontinye mete presyon, yon fason pou pèmèt lapè retounen nan divès katye nan peyi an, jan prezidan repiblik lan mande Konsèy siperyè pouvwa Lapolis nasyonal lan (Cspn) nan pou l fè sa.
Operasyon sa yo ki pote non ‘’kout pwen’’ gen pou objektif kwape ensekirite an nan peyi an, espesyalman zak kidnaping lan ki pa sispann, depi kèk tan, layite sou teritwa nasyonal lan, dapre Ministè enteryè ak kolektivite teritoryal. [jep emb rc apr 26/10/2020 10:30]