Español English French Kwéyol

Ayiti-Ensekirite : Bandi ak zam lage Johnny Descollines ak zanmi l, yon jou apre yo te kidnape yo

Pòtoprens, 23 oktòb 2020 [AlterPresse] ---Vandredi 23 oktòb 2020 an, bò 1è di maten, bandi ak zam lage Johnny Descollines, ansanm ak zanmi l, yo te kidnape, mèkredi swa 21 oktòb 2020 an, nan Dèlma 33, dapre enfòmasyon AlterRadio/AlterPresse ranmase.

Ta gen lajan ki bay, pou bandi yo lage Descollines ak zanmi l yo.

Johnny Descollines, se yon ansyen jwè ayisyen foutbòl entènasyonal la.

Bandi ak zam te dappiyanp Johnny Descollines, detan l t ap antre lakay li, ansanm ak zanmi l.

Johnny Descolines, se te youn nan jwè ki te pèmèt Ayiti kalifye pandan premye patisipasyon l nan Gold Cup 2000 lan.

Se yon ansyen foubolè, ansyen kapitèn seleksyon nasyonal foutbòl la, Ernso Laurince, ki se direktè Pak Sainte Thérèse, nan Petyonvil, ki te konfime nouvèl dapiyanp bandi sou Johnny Descollines ak zanmi l yo.

Ernso Laurince te deklare se fanmi Descollines ki te fè l konn sa. Kidnapè yo te mande 500 mil dola pou lage Johnny Descollines.

Johnny Descollines te jwe nan Violette, kote l te pran yon tit nasyonal. Li te chanpyon tou ak Roulado La Gonâve, nan lane 2002-2003. Li te jwe tou nan Isidro Metapán nan peyi Salvador. [emb rc apr 23/10/2020 09:55]