Pòtoprens, 22 oktòb 2020 [AlterPresse] --- Bandi ak zam kidnape, mèkredi swa 21 oktòb 2020 an, nan Dèlma 33, Johnny Descollines, yon ansyen jwè ayisyen foutbòl entènasyonal la, daprè enfòmasyon AlterRadio/AlterPresse ranmase.
Yo dappiyanp Johnny Descollies, detan l t ap antre lakay li, li te ansanm ak yon zanmi.
Se yon ansyen foubolè, ansyen kapitèn seleksyon nasyonal foutbòl la, Ernso Laurince, ki se direktè Pak Sainte Thérèse, ki konfime nouvèl dapiyanp bandi sou Johnny Descollines.
Ernso Laurince fè konnen se fanmi Descollines ki fè l konn sa. Kidnapè yo mande 500 mil dola pou lage Johnny Descollines.
Johnny Descollines te jwe nan Violette, kote l te pran yon tit nasyonal. Li te chanpyon tou ak Roulado La Gonâve, nan lane 2002-2003. Li te jwe tou nan Isidro Metapán nan peyi Salvador. [ff emb rc apr 22/10/2020 13:50]