Español English French Kwéyol

Dwa moun : Plizyè òganizasyon ak pèsonalite nan sosyete sivil la mete kanpe yon Obsèvatwa ayisyen krim kont limanite nan peyi d Ayiti

Pòtoprens, 22 oktòb 2020 [AlterPresse] --- Plizyè òganizasyon ak pèsonalite nan sosyete sivil la mete kanpe, mèkredi 21 oktòb 2020 an, yon estrikti, ki rele Obsèvatwa ayisyen krim kont limanite nan peyi d Ayiti, dapre enfòmasyon ki vin jwen ajans sou entènèt AlterPresse.

Gen plizyè òganizasyon ak espesyalis, ki andedan estrikti Obsèvatwa ayisyen krim kont limanite nan peyi d Ayiti. Pami yo, gen kabinè espesyalis nan defans dwa moun, òganizasyon sosyete sivil, entelektyèl ak pèsonalite piblik, ki kwè nan valè demokratik yo.

Objektif Obsèvatwa ayisyen krim kont limanite nan peyi d Ayiti, se chèche enfòmasyon nesesè yo, pou kapab fè analiz konsekan sou pakèt zak maspinay dwa moun yo, sitou sou krim kont limanite nan peyi d Ayiti.

Obsèvatwa ayisyen krim kont limanite nan peyi d Ayiti pral mennnen aksyon, ki ka pèmet li rapousuiv, douvan lajistis nasyonal kou entènasyonal, tout moun ki mele nan zak maspinay dwa moun ak ki komèt krim kont limanite nan peyi d Ayiti.

Obsèvatwa ayisyen krim kont limanite nan peyi d Ayiti bay tèt li pou misyon batay pou gen yon Leta, ki respekte dwa moun ak libète piblik yo nan peyi d Ayiti.

Obsèvatwa ayisyen krim kont limanite nan peyi d Ayiti pral goumen tou, pou lajistis ka pran sanksyon kont tout moun, ki gen men yo tranpe nan krim limanite, pou pèmèt gen yon sosyete demokratik, ki tabli tout bon vre nan peyi a, kote tout moun kapab patisipe nan espas kote desizyon yo ap pran, san gwo ponyèt.

Pami òganizasyon ak moun ki kreye Obsèvatwa ayisyen krim kont limanite, nou jwenn Biwo avokat ak avoka entènasyonal yo (Bai), Rezo nasyonal defans dwa moun (Rnddh) ak plizyè lòt pèsonalite, tankou jounalis Hérold Jean-François, mèt Sonel Jean-François, mèt Sonet Saint-Louis, elatriye.

Robert Duval, yon viktim sou diktati Divalye a, Hérold Jean-François, mèt Mario Joseph, ki nan Bai, ak ansyen batonye lòd avokat ak ovoka yo nan Pòtoprens, mèt Gervais Charles, mèt Carlos Hercule ak mèt Stanley Gaston te patisipe, mèkredi 21 oktòb 2020 an, nan seremoni pou fè konnen Obsèvatwa ayisyen krim kont limanite nan peyi d Ayiti. [emb rc apr 22/10/2020 11:30]