Pòtoprens, 21 oktòb 2020 [AlterPresse] --- Te gen anpil bagay kwochi, nan premye jou ekzamen bakaloreya yo, ki te fèt lendi 19 oktòb 2020 an, dapre sa otorite edikasyon yo rekonèt, nan yon deklarasyon ki vin jwenn AlterPresse.
4 syèj egzamen bakaloreya yo nan Kwadèboukè pat rive fonksyone lendi 19 oktob 2020 an. Sityasyon sa a rive akoz yon erè nan distribisyon fèy egzamen yo, dapre direktè depatman lwès nan Ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl, Louis Fritz Dorminvil.
Fèy egzamen, ki te dwe pou kandida nan filo tradisyonèl yo, te distriye pa erè pou elèv nan Ns4 yo (nouvo sekondè).
Kandida, ki te nan syèj yo, te rate ekzamen sa yo, nan premye jounen an, epi yo te montre ki jan yo te an kolè, akoz sityasyon sa a. Elèv sa yo te anpeche ekzamen yo f èt kòmsadwa nan syèj lekòl Lasous. [jep emb apr 21/10/2020 10:10]