Español English French Kwéyol

Aksidan nan sikilasyon machin ak motosiklèt : 8 moun mouri sou plas, 51 lòt blese sòti 12 rive 18 oktòb 2020 an, nan peyi d Ayiti

Pòtoprens, 20 oktòk 2020 [AlterPresse] --- 8 moun mouri sou plas, 51 lòt blese, nan 26 aksidan, nan sikilasyon machin ak motosiklèt, ki fèt nan plizyè kote nan peyi an, soti lendi 12 rive dimanch 18 oktòb 2020 an, dapre yon bilan Stop Accidents.

6 pami 8 moun ki mouri yo, se sou motosiklèt, dapre Stop Accidents.

Aksidan sa yo fèt nan plizyè zòn, tankou Nazon, Delma 48, Kafou, Leyogàn, Lamanten 52, elatriye. [rf emb rc apr 20/10/2020 11:00]