Español English French Kwéyol

Ayiti-Krim : 3 moun, Lapolis poko idantifye, touye anba bal yon polisye fanm Michel-Ange François

Pòtoprens, 19 oktòk 2020 [AlterPresse] --- Lapolis nasyonal d Ayiti viktim ankò anba zak bandi ak zam.

Dimanch 18 oktòb 2020 an, 3 moun, lapolis poko idantifye, touye anba bal Michel-Ange François, yon polisye fanm, ki t ap travay nan komisarya polis Jeremi, depatman Grandans, dapre enfòmasyon AlterPresse rasanble.

Bandi yo chape poul yo, apre yo fin fè krim nan.

Lapolis nasyonal fè konnen li louvri yon ankèt, pou rive konnen pou ki sa bandi ak zam sa yo touye polisye fanm Michel-Ange François.

Polisye fanm Michel-Ange François te soti nan 19 vyèm pwomosyon nan Lapolis la. Se te yon ajan 3, li se yon ansyen foubolèz ekip Tigrès. Li te konn jwe tou pou ekip Lapolis nasyonal la.

Polisye fanm Michel-Ange François mouri kite yon ti fi 10 lane. [rf emb rc apr 19/10/2020 10:45]