Pòtoprens, 15 oktòb 2020 [AlterPresse] --- Plis pase yon ventenn elèv ti fi tonbe ansent nan yon lekòl, ki twouve l nan Bomon, nan depatman Grandans, nan moman otorite yo te mande tout moun rete lakay yo, akoz epiddemi kowonaviris la nan peyi d Ayiti.
Se Inisyativ depatmantal kont trèt ak trafik timoun (Idette) ki bay enfòmasyon sa a, nan yon entèvyou li bay AlterRadio/AlterPresse.
Òganizasyon sa a lanse yon rèl, bay otorite ayisyen yo, pou aji prese prese nan sitiyasyon sa a.
Pi lwen, Idette montre kè kase li genyen, fas ak enpinite, moun k ap fè agresyon sou moun ap jwi nan depatman an.
Yon seri zak agresyon, ki lakoz yon pakèt gwosès anvan lè, nan depatman Grandans lan. [rf emb rc apr 15/10/2020 15:45]