Pòtoprens, 14 oktòb 2020 [AlterPresse] --- Zak sasinay anba bal, lendi swa 12 oktòb 2020 an, sou chèf sekirite senatè Youri Latortue an, montre nan ki pwen klima laterè a ap layite nan peyi d Ayiti, dapre opinyon plizyè pati politik nan opozisyon an, ki vin jwenn ajans AlterPresse.
Pati politik nan opozisyon an denonse klima laterè sa yo, ki ekziste sou teritwaa nasyonal la, nan yon moman kote lajistis poko fè limyè sou sasinay mèt Monferrier Dorval, vandredi 28 dawout 2020 an, etidyan Grégory Saint-Hilaire vandredi 2 oktòb 2020 ak yon latriye lòt moun, gang ak zam ap plede touye, nan mwa ki sot pase yo.
Pati politik sa yo leve lavwa kont krim san parèy sa yo, k ap layite sou teritwa nasyonal lan.
Atak ak zam, ki retire lavi ajan sekirite senatè Youri Latortue an, montre nan ki nivo moun, ki kont ekip tèt kale ki sou pouvwa an, ge menas ak malè, ki pandye sou tèt yo. Sa p ap retire anyen, nan volonte yo genyen, pou chavire ekip tèt kale an sou pouvwa an.
Pami pati ki pran pozisyon sa a, nou jwenn Òganizasyon pèp k ap lite (Opl), Verite, Fizion sosyo demokrat ayisyen yo, Inite, Veye yo, elatriye. [rf emb rc apr 14/10/2020 10:35]