Pòtoprens, 14 oktòk 2020 [AlterPresse] --- Apati mèkredi 14 oktòb 2020 an, Asosyasyon nasyonal grefye ayisyen yo di li sispann grèv, li te tanmen depi dat 28 jiyè 2020 an, pou fòse gouvènman an reponn revandikasyon grefye yo, dapre sa ajans AlterPresse aprann.
Asosyasyon nasyonal grefye ayisyen yo pran desizyon sa a, apre plizyè chita pale li te genyen ak òganizasyon dwa moun, tankou Ofis proteksyon sitwayèn ak sitwayen (Opc) ak ministè lajistis.
Malgre otorite yo poko janm satisfè demann yo, Federasyon bawo peyi d Ayiti yo te mande Asosyasyon nasyonal grefye ayisyen yo fè yon ti kanpe, sou grèv, grefye yo te tanmen depi 28 jiyè 2020 an, nan tout tribinal nan peyi an.
Nan yon lèt, li te voye bay prezidan Asosyasyon grefye an, mèt Aimé Martin, Federasyon bawo Ayiti yo deklare grèv lan bloke dwa, sitwayèn ak sitwayen ayisyen yo genyen pou jwenn jistis kòmsadwa.
Pi lwen, Federasyon bawo Ayiti yo di li espere otorite konsène yo ap pran tout dispozisyon nesesè, pou amelyore kondisyon travay pwofesyonèl lajistis yo. [rf emb rc apr 14/10/2020 10:40]