Pòtoprens, 08 oktòb 2020 [AlterPresse] --- Sou 29 mil 418 ka sispèk, gen 8 mil 845 ka kowona konfime, nan peyi d Ayiti, soti jedi 19 mas pou rive lendi 5 oktòb 2020.
Se Ministè sante piblik ak popilasyon an, ki bay chif sa a nan yon bilten, ajans AlterPresse te li.
Pandan dènye vennkatrè yo, pa gen ankenn moun ki mouri. Men, gen 7 nouvo ka kowona konfime.
Depatman Lwès toujou genyen plis ka konfime, avèk 5mil 931 ka kowona konfime.
Depatman Nò vini nan dezyèm pozisyon, avèk 612 ka kowona konfime.
Depatman Latibonit nan twazyèm pozisyon, avèk 540 ka kowona konfime. [rf emb rc apr 08/10/2020 13:35]