Pòtoprens, 08 oktòb 2020 [AlterPresse] --- Plizyè òganizasyon nan opozisyon an kritike konpòtman prezidan Jovenel Moïse, k ap fè move zak nan tèt peyi d Ayiti.
Tout zak Jovenel Moïse ap fè, nan dènye jou sa yo, tankou enstalasyon yon Konsèy elektoral nan palè nasyonal, ki pa sèmante douvan Lakou kasasyon, antre nan yon demach pou fè popilasyon an vale koudeta elektoral, l ap prepare kont peyi an, dapre pati politik Inifòs, nan yon entèvyou li bay AlterRadio/AlterPresse.
Alatèt Inifòs lan, Paul Denis, di Jovenel Moïse pa janm vle rekonèt kouman popilasyon an bouke ak li. Popilasyon an pa pran oserye ni zak ni pawòl Jovenel Moïse yo ankò, paske li woule l twòp nan farinn.
Nenpòt jan sa ye, Jovenel Moïse pral twouve l nan obligasyon pou l fè bak sou pwojè pou retounen ak diktati nan peyi an, paske 7 fevriye 2021, pou pi ta, l ap rache manyòk li, dapre pati politik Inifòs.
Yon lòt bò, Inifòs di li pa okouran gen ankenn òganizasyon politik, nan opozisyon an, ki gen entansyon al chita pale ak Jovenel Moïse, nan jou k ap vini yo, kontrèman ak sa anbasadè Etazini an nan Nasyonzini, Kelly Craft, anonse.
Pati Inifòs fè sonje, lè gen rankont ant moun ki pwòch pouvwa a ak regwoupman politik nan opozisyon yo, sa toujou fèt nan tout transparans epi anba je temwen nasyonal ak entènasyonal.
Pati politik Inifòs plis kwè, se yon magouy Jovenel Moïse ak Nasyonzini ap fè kont peyi a, nan tèt kole ak raketè k ap bay tèt yo non opozan politik.
Se byen konte mal kalkile.
Sou kont ‘’Twitter’’ li, pòt pawòl Sektè demokratik popilè a, Michel André, fè konnen l ap leve kanpe kont kèlkeswa akò politik, ant Jovenel Moise, Pati ayisyen tèt kale an (Phtk) ak alye l yo.
Sektè demokratik popilè a deklare opozisyon an pa nan okenn chita pale ak Jovenel Moïse.
« 17 Oktòb 2020, k ap vini la a, mwen se premye moun k ap sou beton an, nan manifestasyon an. Nou pa nan negosyasyon pou al asosye ak Jovenel Moïse, Phtk ak alye. Nou p ap trayi batay pèp la. Nou p ap bay popilasyon an kout kouto nan do. Se mobilizasyon li ye, tonton. Batay pi rèd ».
Yon lòt bò, sendikalis Josué Mérilien di, se ak anpil lapèn li wè peyi Etazini ap nonmen yon pakèt anbasadè, k ap bay manti, pou montre Jovenel Moise ta ap byen dirije peyi an.
Sendikalis Josué Mérilien voye yon pinga bay tout moun, ki di yo nan opozisyon ak ekipt tèt kale an, ki ta pwograme rankont anba tab ak Jovenel Moise ak tout moun nan entènasyonal lan, k ap sipòte l nan move zak lap fè nan peyi a. [rf emb rc apr 08/10/2020 10:35]