Español English French Kwéyol

Ayiti-Dwa moun : Komite suivi deklarasyon 21 dawout 2020 an di l an kolè, apre krim san parèy ki fèt sou etidyan Grégory Saint-Hilaire lan

Pòtoprens, 06 oktòb 2020 [AlterPresse] --- Komite suivi deklarasyon 21 dawout 2020 an fè konnen li estomake kont krim san parèy, ki fèt sou etidyan Lekòl nòmal siperyè a, Grégory Saint-Hilaire, vandredi 2 oktòb 2020 an, poutèt li t ap revandike dwa l pou l antre nan sistèm edikasyon peyi an, dapre enfòmasyon ki vin jwenn ajans AlterPresse.

Komite suivi deklarasyon 21 dawout 2020 an deklare zak sasinay, sou etidyan Grégory Saint-Hilaire lan, montre nan ki nivo rejim bout di / diktati an vle retounen nan peyi a.

Zak sa a dwe revòlte konsyans tout sitwayèn ak sitwayen.

Komite suivi deklarasyon 21 dawout 2020 an swete yon gwo leve kanpe fèt, anvan lontan, nan peyi an, pou di non peyi an pa dakò ak enpinite, peyi an pa dakò ak ensekirite, peyi an pa dakò ak diktati. [jep emb rc apr 06/10/2020 10:30]