Español English French Kwéyol

Ayiti-Dwa moun : Avokat ak avoka nan lari Pòtoprens, lendi 5 oktòb 2020 an, pou kontinye mande jistis pou mèt Monferrier Dorval

Pòtoprens, 05 oktòb 2020 [AlterPresse] --- Avokat ak avoka Pòtoprens yo nan lari, lendi 5 oktòb 2020 an, nan Pòtoprens, pou kontinye mande jistis pou batonye yo an, mèt Monferrier Dorval, bandi sasinen 28 dawout 2020 an, nan Pèleren 5, nan menm zòn kote prezidan Jovenel Moise rete, dapre sa ajans AlterPresse obsève.

Avokat ak avoka Pòtoprens yo fè konnen y ap toujou rete mobilize, jouk batonye an jwenn jistis li.

Sou rapò ankèt Direksyon santral polis jidisyè (Dcpj) mete deyò a, Bawo avokat ak avoka Pòtoprens yo di se yon rapò ki poko konplè. Dcpj ap gen pou kontinye mennen ankèt, menm si dosye a gen tan douvan jij enstriksyon, Renord Régis.

Avoka yo kontinye mande yon komisyon entènasyonal, pou vin patisipe nan fè ankèt sou sikonstans lanmò mèt Monferrier Dorval lan. [jep emb rc apr 05/10/2020 12:10]