Español English French Kwéyol

Ensekirite : Jèn Bawo avoka Pòtoprens yo estomake, sou fason moun ap plede pèdi lavi yo, nan peyi d Ayiti

Pòtoprens, 05 oktòb 2020 [AlterPresse] --- Jèn bawo avokat ak avoka Pòtoprens yo di yo estomake, sou fason moun ap plede pèdi lavi yo, nan peyi d Ayiti, nan yon nòt yo voye bay ajans AlterPresse.

Jèn bawo avokat ak avoka Pòtoprens yo pran pozisyon sa a, apre yo aprann etidyan nan Inivèsite Leta a, Grégory Saint-Hilaire, mouri anba bal, polisye ki nan sekirite palè nasyonal, vandredi swa 2 oktòb 2020 an,detan li te andedan Lekòl nòmal siperyè.

Pandan 2 dènye mwa sa yo, gen lòt moun ki pèdi lavi yo, san konte batonye avoka Pòtoprens yo, mèt Monferrier Dorval, bandi ansasinen, nan dat vandredi 28 dawout 2020 an, nan Pèleren 5, nan menm zòn, kote prezidan Jovenel Moise rete.

Mete sou sa, gen plis pase 50 avoka, pami yo sekretè jèn Bawo Pòtoprens lan, mèt Eddy Paul Fleurant, k ap resevwa gwo mennas lanmò ak kaponnay.

Jèn Bawo Pòtoprens ankouraje popilasyon ayisyen an mete tèt ansanm, pou asire yon bon demen pou peyi a.

Direksyon Lekòl nòmal siperyè ak Asosyasyon pwofesè Inivèsite Leta a leve vwa yo, ak tout fòs yo, kont zak sasinay ki fèt sou Gregory Saint-Hilaire lan.

Direksyon Lekòl nòmal siperyè fè sonje, se pa premye fwa lekòl nòmal ap sibi atak sa yo. Sa te fèt 20 novanm 2019 lan ak 13 mas 2020, men pa t gen etidyan ki mouri.

Yo mande pou gen mobilizasyon, nan kat kwen peyi an, nan lide pou dechouke rejim politik ki la a. [jep emb rc apr 05/10/2020 10:15]