Español English French Kwéyol

Ayiti-Ueh : Ofis pwoteksyon sitwayen bat bravo, dèske lapolis nasyonal di li louvri yon ankèt, sou kò sasinay anba bal, 2 oktòb 2020 an, sou etidyan Grégory Saint-Hilaire

Pòtoprens, 05 oktòk 2020 [AlterPresse] --- Ofis pwoteksyon sitwayèn ak sitwayen yo (Opc) bat bravo, pou enspeksyon jeneral Lapolis nasyonal lan, ki di li deja louvri yon ankèt, sou kò sasinay anba bal sou etidyan nan Inivèsite Leta a, Grégory Saint-Hilaire, pou konnen ki yès ki touye viktim nan, nan yon nòt li voye bay ajans AlterPresse.

Opc leve lavwa kont kò sasinay anba bal, vandredi 2 oktòb 2020 la, sou Gregory Saint-Hilaire, yon jèn gason 29 lane, andedan menm Lekòl nòmal siperyè an, ki twouve l tou prè Palè nasyonal.

Li swete lajistis idantifye moun ki fè zak sa a, epi ba l pinisyon li merite, jan lalwa ekzije sa.

Ofis pwoteksyon sitwayèn ak sitwayen fè sonje, otorite yo pa dwe antre nan espas Inivèsite yo. Yo dwe pito pwoteje espas sa yo, nan tout sikonstans, dapre lalwa.

Daprè enfòmasyon etidyan Lekòl nòmal yo bay, se ta yon ajan Inite espesyalize nan Lapolis la, ki gen pou misyon asire sekirite palè nasyonal (Usgpn), ki ta tire etidyan an.

Zak sa a rive nan kad yon mouvman etidyan Lekòl nòmal yo t ap fè, pou mande otorite konsène yo pran an konsiderasyon pwotokòl akò yo te siyen ak fakilte sa a.

Akò sa a di otorite yo dwe garanti estaj, pou tout etidyan Lekòl nòmal siperyè yo, k ap fini etid yo, epi ba yo lèt nominasyon yo.

Samdi 3 oktòb 2020 an, etidyan te tanmen mouvman douvan Fakilte dwa ak syans ekonomik lan, nan Pòtoprens. Machin pa t pa pase nan zòn nan, akoz anpil gaz lakimojèn, polisye ki nan Kò entèvansyon pou mete lòd (Cimo) t ap simaye nan lakou fakilte dwa a.

Timoun ak paran, ki te nan matènite lopital jeneral, te pran nan gaz lakimojèn sa yo. Yon sitiyasyon, ki te kreye panik nan espas lopital jeneral lan.

Sou rezo sosyal yo, kèk videyo te montre paran ki t ap fè mannèv, pou sove ti bebe ki te gen pwoblèm pou respire nan lopital la. [jep emb rc apr 05/10/2020 10:15]