Español English French Kwéyol

Ayiti-Ekonomi : Gouvènman an prevwa yon bidjè 254 milya goud pou egzèsis fiskal 2020-2021

Pòtoprens, premye oktòb 2020 [AlterPresse] --- Nouvo bidjè peyi d Ayiti, pou egzèsis fiskal 2020-2021, ta dwe rive nan nivo 254 milya goud, daprè yon konsèy minis, ki fèt jou ki te mèkredi 30 septanm 2020.

Nouvo bidjè sa gen plis pase 50 milya goud, anplis bidjè 2019-2020 an, ki te 198 milya goud, dapre sa jans AlterPresse aprann.

Gouvènman an poko bay rapò sou sa l fè ak bidjè 198 milya goud, li te prevwa pou 2019-2020 an, ki bout mèkredi 30 septanm 2020 an.

Nan bidjè 2020-2021 an, amòtisman dèt lan pral pase nan nivo 43 milya goud, alòske se 17 milya goud li te ye nan bidjè 2019-2020 an.

Olye 47 milya goud, depans pou peye anplwaye Leta yo ap monte jiska 65 milya goud.

Pou ekzèsis 2020-2021, gouvènman an prevwa depanse plis pase 136 milya goud, alòske li prevwa rantre plis pase 132 milya goud sèlman.

Bank tout bank yo, yo plis konnen sou non Bank santral, ta dwe bay bourad 37 milya goud, alòske li te bay 30 milya goud nan dènye bidjè an. [rf emb rc apr 01/10/2020 14:10]