Español English French Kwéyol

Anviwonman : Peyi d Ayiti ap resevwa lapli ak loray, jis nan premye jou mwa oktòb 2020 an

Pòtoprens, 30 septanm 2020 [AlterPresse] --- Boulvès nan tan an, ki chaje ak imidite, ap toujou lakoz lapli ak loray, nan apremidi ak aswè, sou peyi d Ayiti, jis rive vandredi 2 oktòb 2020 an, dapre sa espesyalis ayisyen yo fè konnen, nan yon bilten enfòmasyon ajans soun entènèt AlterPresse li.

Gen posiblite pou tout depatman yo resevwa lapli, ki mache ak loray, jis nan finisman semenn nan, nan premye jou mwa oktoktòb 2020 an.

Ap gen tou lapli, ki mache ak loray sou lanmè an, espesyalman bò kòt Nò ak bò kòt Sid yo.

Kaptenn bato, chaloup, bwa fouye yo, dwe rete veyatif, nan moman lapli yo, sitou bò kòt Nò ak bò kòt Sid yo, kote vag yo ap monte nan nivo 5 pye wotè. [emb rc apr 30/09/2020 10:00]