Español English French Kwéyol

Ensekirite : Rezo nasyonal k ap defann dwa moun yo mande popilasyon an leve kanpe, kont fenomèn krim san parèy nan peyi d Ayiti yo

Pòtoprens, 29 septanm 2020 [AlterPresse] --- Rezo nasyonal k ap defann dwa moun yo (Rnddh) envite popilasyon ayisyen an leve kanpe kont fenomèn krim san parèy, k ap vale teren nan peyi d Ayiti yo, li kwè se otorite leta yo ki pwograme move zak sa yo, dapre sa l daklare bay AlterRadio/AlterPresse.

Direktè egzekitif Rnddh la, Pierre Espérance, di se pou premye fwa li wè otorite yo rann gang ak bandi ofisyèl, nan peyi d Ayiti.

Rezo nasyonal k ap defann dwa moun yo di li pa nòmal pou gen tout moun sa yo, k ap viktim nan peyi a.

Li pran egzanp divès masak, ki fèt nan katye popilè yo epi ki pa janm gen bonjan sanksyon kont moun ki responsab zak sa yo.

Pou pi piti 2 moun mouri anba bal plizyè lòt blese anba bal, anpil kay pase nan flanm dife gang ak zam, nan yon lòt atak ak zam ankò, nan katye Bèlè, Pòtoprens, samdi aprèmidi 19 septanm 2020 an.

Nan apremidi 31 dawout 2020 an, bò 5è, yon gwoup gang ak zam te atake zòn Bèlè, kote yo te tire anpil kout zam, blese plizyè moun anba bal epi mete dife nan plizyè kay.

Menm moun ak zam sa yo te retounen, mèkredi 2 septanm 2020 an, sou Bèlè, kote yo blese anpil moun ak bal epi mete dife ankò nan divès kay. [rf emb rc apr 29/09/2020 10:40]