Español English French Kwéyol

Ayiti-Jistis : Yon mwa apre, poko gen limyè, ki fèt sou kò sasinay 28 dawout 2020 an, sou mèt Monferrier Dorval lan

Avokat ak avoka Pòtoprens yo anonse yon mach nan lari, lendi 5 oktòb 2020 an, pou kontinye mande jistis pou mèt Monferrier Dorval

Pòtoprens, 29 septanm 2020 [AlterPresse] --- 28 dawout 2020 – 28 septanm 2020 : sa fè yon mwa, depi bandi sasinen ak 3 bal mèt Monferrier Dorval, lakay li nan Pèleren 5, nan menm zòn, kote prezidan Jovenel Moïse rete.

Limyè poko fèt sou kò sasinay sa a.

An atandan, dwayen tribinal sivil Pòtoprens lan chwazi jij enstriksyon Renord Régis, pou mennen ankèt sou kò sasinay sou mèt Monferrier Dorval lan, ki mouri anba bal lannuit 28 dawout 2020 an, sa fè jodi a yon mwa, dapre sa ajans AlterPresse aprann.

Pou kontinye mande jistis pou mèt Monferrier Dorval, Bawo avokat ak avoka Pòtoprens yo anonse yon mach nan lari, lendi 5 oktòb 2020 an.

Mach sa a ap sòti douvan Lakou Kasasyon, pou rive douvan kabinè Dorval lan, ki twouve l nan ri Rivière, Pòtoprens.

Avokat ak avoka Pòtoprens yo di y ap toujou rete mobilize, jouk batonye an jwenn jistis li.

Konsènan rapò ankèt, Direksyon santral lapolis k ap travay pou lajistis lan (Dcpj), ki nan lari, depi kèk jou, avokat ak avoka Pòtoprens yo di se yon rapò, ki poko konplè, ki poko rive nan bout.

Dcpj ap gen pou kontinye mennen ankèt, menm si dosye a gen tan douvan jij enstriksyon, Renord Régis.

Avokat ak avoka Pòtoprens yo kontinye mande yon komisyon entènasyonal, ki ka vin patisipe nan fè ankèt sou sikonstans, ki antoure lanmò mèt Monferrier Dorval lan. [rf emb rc apr 29/09/2020 10:20]