Español English French Kwéyol

Politik : Estòp silans Ayiti (Stop silence Haïti) yon inisyativ ki vle fini ak konpòtman manfouben, k ap anpeche solidarite ak peyi d Ayiti

Pòtoprens, 28 septanm 2020 [AlterPresse] --- Estòp silans Ayiti (Stop silence Haïti), se yon inisyativ ki vle fini ak konpòtman manfouben, k ap chèche toufe vwa Ayisyen, nan yon gwo mobilizasyon entènasyonal solidarite ak peyi d Ayiti, daprè yon nòt li mete deyò, ki rive jwenn AlterPresse.

Inisyativ sa a vle simaye pawòl sosyete sivil la an Ayiti, montre solidarite li ak fanm ak gason nan peeyi an, epi kontinye fè konnen dwa grandèt majè peyi d Ayiti.

Estòp silans Ayiti (Stop silence Haïti) gen pou anbisyon chanje politik entènasyonal la, k ap apiye, san kondisyon, prezidan Jovenel Moïse.

Se yon defi pou tout moun, ki vle montre yo pa dakò ak maspinay dwa ayisyen yo, ekip, ki sou pouvwa an, ap fè, nan konplisite ak kominote entènasyonal la.

Estòp silans Ayiti (Stop silence Haïti) vle rasanble divès fanm ak gason, ki se manm asosyasyon nan nivo entènasyonal, pou mande mete yon bout nan enpinite a nan peyi d Ayiti epi denonse maskarad eleksyon, otorite yo prevwa fè nan peyi a.

Pa gen okenn kondisyon, teknik, demokratik, epi sekirite, ki reyini pou eleksyon sa yo, jounen jodi a.

Se Centre tricontinental ak Geomoun, ki lanse initiativ Estòp silans Ayiti an (Stop silence Haïti). [jep emb rc apr 28/09/2020 11:20]