Pòtoprens, 28 septanm 2020 [AlterPresse] --- Ministè enteryè ak kolektivite teritoryal yo, di li aprann, ak anpil lapenn, nouvèl lanmò papa direktè jeneral Lapolis la, Ribert Normil, nan sikonstans ki poko klè, lannuit jedi 24 septanm 2020 an, nan yon kominike ki rive jwenn AlterPresse.
Ministè enteryè di li gen plis lapenn toujou, lè li aprann sikonstans, ki antoure lanmò Ribert Normil lan, ki trajik epi ki gen latwoublay.
Nan sikonstans lan, Ministè enteryè ak lòt manm gouvènman a, espesyalman tout Konsèy siperyè lapolis nasyonal la (Cspn) voye kondoleyans yo bay tout fanmi Normil lan.
Nan kad dosye sa a, premye minis Joseph Jouthe fè konnen li mande louvri yon ankèt prese prese, pou konnen sikonstans lanmò sa a. [jep emb rc apr 28/09/2020 10:15]