Pòtoprens, 21 septanm 2020 [AlterPresse] --- Ansyen minis ekonomi ak finans, peyi d Ayiti an, soti 23 mas 2016 rive 13 mas 2017, Yves Romain Bastien, mouri nan dat samdi 19 septanm 2020 an, nan peyi Lafrans, daprè enfòmasyon AlterPresse rasanble.
Yves Romain Bastien te fè kansè kolon, daprè enfòmasyon yo.
Li se ansyen minis ekonomi ak finans, nan administrasyon Jocelerme Privert ak Enex Jean Charles lan.
Yo te akize Yves Romain Bastien, kòm moun ki ta pran plis pase 30 milyon dola ameriken, nan lajan pwogram PetwoKaribe a, san li pa t reyalize anyen, moun te ka wè, nan peyi a. [rf emb rc apr 21/09/2020 11:00]