Pòtoprens, 17 septanm 2020 [AlterPresse] --- Rezo nasyonal k ap defann dwa moun fè konnen fanmi mèt Monferrier Dorval lan te twouve l nan yon sitiyasyon difisil, dèske yo te wè konsèy lòd avoka Pòtoprens yo pa janm leve lavwa kont konpòtman komisè gouvènman Pòtoprens lan, ki pa montre l ap byen jere dosye ansasinay lan.
Bawo avoka Pòtoprens yo te lonje dwèt sou deklarasyon premye minis lan, Joseph Jouthe, ak Ofis pwoteksyon sitwayèn ak sitwayen te fè, sou arestasyon 5 ajan Idmo yo, daprè sa fanmi an di Rezo nasyonal k ap defann dwa moun yo.
Depi aprè lanmò Mèt Monferrier Dorval lan, otorite nan pouvwa pati ayisyen tèt kale an fè kòmsi Pelren fè pati youn nan zòn, ki gen plis ensekirite nan peyi a, dapre sa direktè ekzekitif Rezo nasyonal k ap defann dwa moun yo, Pierre Esperance, deklare, nan yon entèvyou li bay apre antèman jedi 17 septanm 2020 an.
Òganizasyon kap defann dwa moun nan peyi a ak avoka yo dwe rete veyatif, pou dosye sa a pa ale nan men yon jij, ki pwòch rejim tèt kale an, ki ka anpeche yo jwenn jistis, tout bon vre, pou batonye a.
Sou bò pa l, apre antèman an, prezidan òganis dwa moun Fondasyon je klere (Fjkl), mèt Samuel Madistin, di li enpòtan pou tout moun toujou rete mobilize, nan lide pou batonye Dorval jwenn jistis li.
Moun, ki sasinen mèt Dorval lan, p ap janm rete san fè mannèv, pou mete bouyay nan tout sa, ki ta kab fè limyè fèt sou dosye sa a. Men, Lajistis lan dwe sèvi ak tout mwayen posib, pou rive jwenn tout eleman nesesè, ki kab pèmèt yo jwenn moun ki touye mèt lan, entèmedyè ak moun ki te voye fè krim nan, dapre Fondasyon je klere.
Antèman Me. Monferrier Dorval chante maten jedi 17 septanm 2020 an, nan komin Taba, douvan prezans fanmi l ak kèk pèsonalite. [rf emb rc apr 17/09/2020 18:00]