Español English French Kwéyol

15 septanm 2020, jounen entènasyonal demokrasi

Politik : Gouvènman an swete yon bon jan demokrasi, ki chita sou patisipasyon nan peyi d Ayiti

Pòtoprens, 16 septanm 2020 [AlterPresse] --- Gouvènman an di li swete yon bon jan demokrasi, ki chita sou patisipasyon, nan okasyon jounen entènasyonal demokrasi, madi 15 septanm 2020 an.

Jan l toujou repete l, prezidan Jovenel Moïse lanse yon lòt apèl chita pale, nan mitan tout aktè nan sosyete a.

« Se sèl mwayen, ki kapab mennen peyi a nan kalmi ak ekilib politik, ak devlopman ki dire ».

Jovenel Moïse di l ap rapousuiv jefò, nan lide pou kreye yon anviwonman ki kab pèmèt eleksyon lib, onèt, lib, demokratik, nan peyi a.

Se ta bon jan kondisyon, pou mete kanpe yon Leta, kote dwa moun respekte nan peyi a.

Sou bò pa l, minis jistis ak sekirite piblik la, Mèt Rockfeller Vincent di li nesesè pou gen dyalòg ak respè lavi ak byen, nan chimen demokrasi, peyi an angaje l ladann nan, depi anviwon 30 lane.

Sou kesyon krim, k ap plede bay k è sote nan peyi an, ministè lajistis deklare Leta a p ap bat ba. Leta a ap fè tout sa k posib, pou fè lapè ak sekirite blayi nan peyi a.

Demach demokrasi an mande respè opinyon depaman, ki pa menm. Demach ddemokrasi an mande tou respè dwa moun ak posiblite pou se pa menm moun, ki toujou nan jesyon politik yo, dapre RockFeller Vincent. [rf emb rc apr 16/0/2020 13:15]